L'ap pase kounye a

Ijans: Pwoteje moun k'ap chèche azil

Gouvènman an ap sèvi ak yon nouvo taktik mechan pou depòte moun k'ap chèche azil poutèt yo manke resevwa yon sèl avi. Tan an ap kouri, men nou gen tan toujou pou nou aji.

Tcheke si ou dwe yon frè

Si ou gen yon dosye azil ki poko regle, ou ka bezwen peye yon nouvo frè $102 bay gouvènman an. Pa tann yon avi rive. Si ou manke l, sa ka vle di dosye ou ka jete. Verifye a pran sèlman kèk minit.

Ou pral bezwen Nimewo Resi (Receipt Number) demand ou a ansanm ak Nimewo A ou a (A Number), ki nan papye USCIS ou yo.

Tcheke si ou dwe yon frè bay USCIS

Jwenn èd etap pa etap

ASAP gen yon gid klè sou kijan frè a fonksyone, kijan pou jwenn nimewo ou yo, ak kijan pou peye. Se pi bon kote pou kòmanse si ou pa sèten dosye ou a se ak USCIS.

Li gid ASAP la

Administrasyon Trump la ap fè fanmi k'ap chèche azil peye yon frè pou premye fwa nan istwa, epi l'ap manipile biwokrasi a pou l' rache yo nan sekirite yo te goumen pou jwenn nan. Men kijan sa mache:

  1. Yo voye yon lèt.

    Gouvènman an voye moun k'ap chèche azil yo yon sèl lèt an Anglè konsènan frè a, nan nenpòt adrès yo te gen dènye fwa nan dosye. Sa mete yon konpteur k'ap bay moun yo sèlman 30 jou pou yo peye anvan dosye yo jete otomatikman.

  2. Delè a pase.

    Anpil moun pa janm resevwa lèt la a tan, pa ka peye, oswa yo pa konprann sa y'ap mande yo fè. Lè delè a rive bout, gouvènman an jete dosye a epi anile pèmi travay moun nan. Sa pa enpòte ki danje yo te sove kite, oswa konbyen ane yo t'ap tann pou yon moun tande dosye yo. Pa gen egzansyon ni apèl.

  3. Depòtasyon.

    Amwenske fanmi an gen yon lòt estati legal pou tonbe sou li, gouvènman an mete pwosesis pou depòte yo.

Sa mache sèlman paske moun pa jwenn enfòmasyon an a tan.

Enfòme yon sèl moun ka anpeche fanmi yo depòte.

Gaye mesaj la pou tcheke frè yo

Asire w moun k'ap chèche azil nan kominote ou konnen sou nouvo frè yo anvan yon delè pran yo pa sipriz. Ede youn lòt si yon moun bezwen sipò pou peye. Telechaje yon grafik pou pataje, oswa voye mesaj ki anba a.

Opoze politik mechan sa yo byen fò nan nenpòt fason ou kapab.

Manifeste. Fè demonstrasyon. Ekri reprezantan eli ou yo. Fè bri. Depoze plent nan tribinal. Pale ak jounalis. Jwenn fason pou opoze tretman mechan sa a pou tèt ou, moun ou renmen yo, zanmi, ak vwazen ou yo.

Plis enfòmasyon sou sa k'ap pase

Moun k'ap chèche azil ak fanmi k'ap viv legalman Ozetazini ap wè demand yo jete an mas pou rezon enjis pandan y'ap tann yon desizyon sou dosye yo.

Pou premye fwa nan istwa, Etazini ap fè moun peye frè pou mande azil, ansanm ak yon frè chak ane pou yo kontinye konsidere dosye yo pandan gouvènman an kenbe yo ap tann yon desizyon. Frè sa a gen yon estrikti konfizyon, delè peman ki tou kout san rezon, ak règ konplike k'ap chanje san rete ki difisil pou swiv. Règ sa yo fèt espre pou bay gouvènman an yon jistifikasyon pou depòte moun vilnerab yo sibitman nan danje.

Frè anyèl la aplike a moun k'ap chèche azil afimatif ki gen dosye yo nan sistèm USCIS depi plis pase yon ane: Se moun ki te sove pèsekisyon ki pami pi vyolan e pi twomatizan sou latè, k'ap rebati lavi yo Ozetazini. Yo la legalman. Anpil nan yo ap viv la depi plizyè ane ak fanmi yo. Rejè ki soti nan frè sa yo pral mete anpil lavi nan konfizyon, ak pinisyon di, ki pa ka anile, ki chanje lavi moun pou bagay tankou manke yon lèt nan lapòs, pa gen yon kont labank, pa gen lajan pou peye, oswa pa konprann enstriksyon ki bay sèlman an Anglè.

Nouvo règ yo kenbe moun k'ap chèche azil sou tansyon, ap viv nan laperèz de wè tout lavi yo boulvèse si yo manke yon bagay yo pa konprann. Pou anpil ladan yo, plan biwokratik mechan sa yo pral lakòz yo pèdi sibitman estati legal yo, pèmi travay yo, ak sèl bagay gouvènman an te pwomèt yo depi ane: yon chans pou yon jou yo gen yon plas nan mond lan kote yo gen dwa viv an sekirite pou tout tan.